EFMA Online.com Hatian Creole



Main Index: Haitian Creole

 

Genesis 5

[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28] [29] [30] [31] [32] [33] [34] [35] [36] [37] [38] [39] [40] [41] [42] [43] [44] [45] [46] [47] [48] [49] [50]

GEN 5:1 ¶ Men lis non pitit pitit Adan yo: Lè Bondye kreye moun, li te fè yo pòtre avè l'.
GEN 5:2 Li kreye yo gason ak fi. Li beni yo. Jou li kreye yo a, li rele yo moun.
GEN 5:3 Adan te gen santrantan (130 an) lè li vin gen yon pitit gason ki te sanble avè l' tèt koupe, li rele l' Sèt.
GEN 5:4 Apre nesans Sèt, Adan viv witsanzan (800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
GEN 5:5 Lè Adan mouri li te gen nèfsantrantan (930 an).
GEN 5:6 ¶ Sèt te gen sansenkan (105 an) lè li vin gen yon pitit gason yo te rele Enòk.
GEN 5:7 Apre nesans Enòk, Sèt viv witsansetan (807 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
GEN 5:8 Lè Sèt mouri, li te gen nèfsandouzan (912 an).
GEN 5:9 Enòk te gen katrevendizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Kenan.
GEN 5:10 Apre nesans Kenan, Enòk viv witsankenzan (815 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
GEN 5:11 Lè Enòk mouri, li te gen nèfsansenkan (905 an).
GEN 5:12 Kenan te gen swasanndizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Malaleyèl.
GEN 5:13 Apre nesans Malaleyèl, Kenan viv witsankarantan (840 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
GEN 5:14 Lè Kenan mouri, li te gen nèfsandizan (910 an).
GEN 5:15 Malaleyèl te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Jerèd.
GEN 5:16 Apre nesans Jerèd, Malaleyèl viv witsantrantan (830 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
GEN 5:17 Lè Malaleyèl mouri, li te gen witsankatrevenkenzan (895 an).
GEN 5:18 Jerèd te gen sanswanndezan (162 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Enòk.
GEN 5:19 Apre nesans Enòk, Jerèd viv witsanzan (800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
GEN 5:20 Lè Jerèd mouri, li te gen nèfsanswasanndezan (962 an).
GEN 5:21 ¶ Enòk te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Metouchela.
GEN 5:22 Apre nesans Metouchela, Enòk te mache byen ak Bondye pandan twasanzan (300 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
GEN 5:23 -
GEN 5:24 Enòk te pase tout vi l' ap mache byen ak Bondye. Li te gen twasanswasannsenkan (365 an) lè l' disparèt, paske Bondye te pran l' avè l'.
GEN 5:25 ¶ Metouchela te gen sankatrevensètan (187 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Lemèk.
GEN 5:26 Apre nesans Lemèk, Metouchela viv sètsankatrevendezan (782 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
GEN 5:27 Lè Metouchela mouri, li te gen nèfsanswantnevan (969 an).
GEN 5:28 ¶ Lemèk te gen sankatrevendezan (182 an) lè li vin gen yon pitit gason.
GEN 5:29 Li rele l' Noe. Li di konsa: Pitit sa a va soulaje nou anba tout travay di n'ap fè, anba gwo travay nou blije fè avèk men nou paske Seyè a te madichonnen tè a.
GEN 5:30 Apre nesans Noe, Lemèk viv senksankatrevenkenzan (595 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
GEN 5:31 Lè Lemèk mouri, li te gen sètsanswasanndisetan (777 an).
GEN 5:32 Noe te gen senksanzan (500 an) lè li vin gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè.

 

Created with HTMLCompiler by BibleDatabase


Copyrigtht 2003, EFMA Online.com